Pòtopwens: Yon lòt kadav ankò ayè nan zònn kalfou lanmò nan Matisan 1

187
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon pwezidan sendikalis mouri anba bal bandi tou pwe sou komisarya Matisan 1 an. Viktim nan ke yo idantifye sou non Romain Maurancy dapwè deklarasyon yon temwen konfye Triboland, tap fè manèv e trese lèl pou wè si li te ka rive lakay li Kafou, Lamanten 54 vit e pwese.

Konsa, selon moun ki te an chal kalis, li jwenn lanmò li lachman apwè ke bandi ame kap fè fouy sou wout la te rekòmande desann machinn li tap kondwi-a. Enfòmasyon yo ta konfime ke bandi yo te sispèk ke Maurancy te genyen zam sou li, e se sa ki ta pèmèt sanginè mal pou wont yo krible msye anba bal. Yon lòt vèsyon ta deklare ke viktim nan te chawzi pa rete pou malfwa yo e finalman yo krible machinn nan anba bal. Yon zak ki revòlte plizyè fwè sendikalis ki te abitye milite ansanm avè-l.

Menm konsta lapolis pat ka arive fèt sou lye masak la akoz malfwa yo ki te kontinye ap simen katouch.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Share:

Leave a reply