CRS ,GSF, PGNE klotire 3 jounen fòmasyon nan Orix Hôtel sou tèm “Fanm ou pa pou kont ou”

833

03-05-2023

Wananment, Ayiti _____(TRiboLAND) Platfòm Genbe Nòdès klotire 3 jounen fòmasyon pou plizyè fanm nan divès òganizasyon jounen vandredi 3 mas 2023 a.

Madam Jezila blan ki se kodonatris jeneral PGNE nan deklarasyon l fè konnen, CRS Catholique Relief Service, GSF Gwoup kap sipòte fanm yo se pou medam yo aprann konnen tèt yo, konnen sa ki fè yo mal kote medam yo toujou strese e kè yo pa kontan.

Bò kote pa 2 fomatris yo ki se Dominikèn dorijin ayisyen, fè konnen metodoloji a se pou tout fi jwen sipò andan yon gwoup ki fèt avèk fanm ki bezwen sipò e ki gen menm problèm, paske metodoloji a pa gen diskriminasyon, li pou tout kalite fanm.

Marlena bò pa li, fè konnen lòske li resevwa premye pati fòmasyon an, li rele gwoup fanm, lè l fin pran dezyèm fòmasyon an li vin yon fasilitatè pou transmèt fòmasyon sila bay lòt gwoup.

Fanm sila pat manke remèsye madam Jesula Blanc pou paske l te chwazi yo pou vin patisipe nan gran fòmasyon sila ki fè yo santi yo gen espwa. Madam Jesula li menm, remèsye tout patnè li yo ki te rann fòmasyon sila rive posib.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com


Comments are closed.