Kay-Jakmèl: 2 jounen sansiblizasyon reyisi nan lide pou ede moun yo fè prevansyon kont kolera LONI an

916

07-16-2023

Sidès, Ayiti____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt Notre-Dame du Mont Carmel, 2 jounen sansiblizasyon pou ede moun yo batay kont kolera a reyisi Kay-Jamèl.

Sansiblizasyon pou pwevansyon kont maladi kolera a, te demare yè samdi ki te 15 pou klotire jodi dimanch 16 jiyè 2023. Divès jen fanm ak gason ki fè pati enstitisyon Panos ak Sante Piblik, akouraje moun yo pran vaksen pou sove lavi yo anba kolera.

Konsa, li enpòtan pou sitwayen yo pa kite sitiyasyon an dejenere, pou twò ta pa bare nou. Vaksen an se gratis, pa fè neglijans ki ka koute lavi nou; pran vaksen an ap kapab ede nou ogmante sistèm defans nou.

Sansiblizatè yo pa sispann mande moun yo, pandan yap pran vaksen an, pou pa neglije aplike pwensip ijyenik yo ki se: lave men yo, byen kwit manje yap manje ak byen lave fwi yo avan yo konsome yo.

Responsab yo fini pou di, si tout fwa moun yo gen dyare, pa neglije bwè sewòm oral; pa fè rezistans pandan yo konseye yo al nan sant sante ki pi prè a.

Comments are closed.