Vandredi 14 Jwen 2019 an, manm opozisyon an manifeste nan Pòdpè

0 316

 Tansyon an te byen wo nan Pódepè maten Vandredi 14 Jwen 2019 sa-a. Kawoutchou tap boule tribòbabò nan site Kapwa Lamò-a. Byen bonè maten an, plizyè dizènn moun manifeste san zatann nan Pòdpè. Sou pakou yo, yo tap voye pawòl piman bouk kont chèf Leta peyi-a, Msye Jovenel Moise. Konsa, apa BNC, yo tap mache fèmen tout biwo Leta yo nan Metwopòl Nódwès la, nan  objektif pou mande  demisyon Prezidan Repiblik la e ansuit  pou-l mete-l ala ispizisyon  Lajistis, sinon yo pral komanse fè dezobeyisans sivil daprè sa yo deklare: “bon egzanp dwe soti anwo”.  

Nan sa ki gen pou wè avèk fèmti biwo Leta sa yo nan vil Pòdpè, maten Vandredi sa-a, kote biwo tankou: ONA, DGI, Ladwànn, APN, Finans, Direksyon Depatmental Edikasyon Nódwès, Direksyon Sanitè Nódwès ak Tribinal depè ………., pou-n site sa yo sèlman te konplètman kadnase.

Manifestan yo ki te ankolè rapouswib pou di, yo pwosede ak fèmti biwo sa yo sitou Lajistis, ONA, DGI se paske moun Nòdwès pwèske pa ale Lajistis ankò puiske yo pa janm genyen lajan pou achte yon ti mamit jistis bò kote jij kap revann jistis la .

 Dòdinè, popilasyon sa-a ki swaf jistis, rann li depreferans nan vil Ansafolè, nan pye Grann Sentànn pou li sa jwenn moso jistis. 

Kanta bagay ki rele ONA ak DGI, manifestan yo kadnase pót yo akoz enstitisyon sa yo pa itil malere ak malerèz anyen, alóske se Palmantè, Primati, Palè Nasyonal ak Boujwa sangwen yo kap jwi e fè reset ak piyaj ak lajan kontribyab yo. 

Manm opzizyon an nan Nòdwès ki gen ladan-l pati politik ak òganizasyon debaz sa yo tankou: Fanmi Lavalas, Pitit Desalinn, RDNP,  Fizyon  Sosyodemokrat, Tèt Kole, Tipeyzan  Ayisyen, AJ3L, Rasin  Kanpèp la,  MPNKP ………, mande pou popilasyon an kontinye monte drapo mobilizasyon an piwo nan kat kwen peyi Dayiti yon fason pou fòse Prezidan Jovenel Moise remèt demisyon-l, selon mann opozisyon an nan branch Nòdwès. Antouka, fòk gen egzanp ki trase nan peyi sa-a. Pou tout moun rive konnen: Lajan Leta se pa lajan  manman ak papa yo. 

Wiskis Saint Jean, TRiboLAND

Leave A Reply