17èm Edisyon “Jeux CNDL”, yon evenman ki idantifye anpil talan

0 518

Pòdpè__(TRiboLAND) Finalman, se yè Vanderdi 14 Jwen Jou-J pou gwo kòkenn chenn anbyans kiltirèl ki toujou make yon moman egzaltasyon ak divètisman pou pou tout etidyan Collège Notre Dame de Lourdes (CNDL) yo kòmanse. Yon tradisyon fèt ak gete san parèy ki kontinye ap kore kalite edikasyon lekòl-la. Gwo poban evenman kiltirèl plengrennen sa, ap fè chemen-l depi plis pase yon deseni nan anal enstitisyon kretyènn sa ki gen 62 lane egzistans.

Konsa, 17èm edisyon “Jeux CNDL” ane sa antre kòm toujou nan yon dinamik etalaj ou ekspozisyon talan ak envantè kreativite etidyan yo; se yon fèt tou ki makònen tout krèm pèfòmans pitit lekòl-la nan yon anbyans distraksyon plon gaye. Tout fwa, strikti sa ki chaje ak opòtinite tout kalite mete an evidans: spò, konpetisyon, prim, muzik, distraksyon, je, ak aktivite kiltirèl. Li evidan pou yon moun kwè san dout, se yon diplis ak yon heritaj ki chak ane ranfòse kilti CNDL ki chita sou anpil entè-aksyon sosyal ak yon vale ajoute nan ranfòse richès edikasyon fizik lekòl-la.

Apwè yon ane de konsantrasyon, strès ak fatig akademik, pou-n repete apwè Reveran Pè Jocelin Dolcé, Dirèktè CNDL la, ki rete kwè ke anbyans sa yo bay opòtinite pou ansyen ak nouvo elèv yo rankontre e idantifye ki sa lòt ka fè nan yon kontèks pwodiktivite ak kreyativite. Se yon evenman dòdinè ki fèt andeyò sal deklas-la e ki reyini nan yon konsè kontantman tout zantray fanmiy CNDL la.

Pou anbyans, se sa ki pa manke! Je, divèstisman, abiman tout kalite, kepi, jinn ak mayo tout koulè ofri yon anvironman mozaik trè rechèche; dekorasyon ki tradwi yon koulè lokal; dans ak plizyè rènn ki parachute sou yon pikup tchwòk dekorativ eksprime youn nan pwen fò anbyans lan; muzik òkèstral ki mete an vedèt divès talan ki te kache deyò, se te tout yon moman apokaliptik. Chante gaye ak yon refwen “Mezanmi yo vle kraze kay Pè, mwen pa konn pouki sa, yo pa kapab! Yo pakapab”! Piti kon gran ki tap paroze drapo nan yon elan kadanse pat manke klerone chante ou tèm muzikal evenman sa ki gen pou dire 3 jou, selon jan kalandriye-a prevwa li.

Antouka, sa se twokèt-la, men chaj la dèyè!  Avèk yon konfidans e yon motivasyon djanm, inisyatè evenman sa yo genyen plis toujou pou ofri nan sa ki gen pou wè ak valorize abilite ou stimile sa etidyan an espere devni sou wout lavi-a demen si kè papa BonDye kontan. Konsa, pa gen tankou CNDL, yon kominote ou yon espas edikasyon ki pa gen anyen pou-l anvye a nenpòt ki lòt enstitisyon skolè kap ofri yon edikasyon kalite.

Reveran Pè Jocelin Dolcé, yon vizyonè remakab, yo edikatè konsome ki alatèt Dirèksyon CNDL, esprime kontantman li nan okazyon-an; konsa li anonse anpil pwojè ki gen pou wè ak renove ou modènize enfrastrikti lekòl-la, ki yon kominote kap fòme sitwayen pou yon sosyete avèti.

Ychmuth Corneille

Leave A Reply