Zak vyolans ak mal jerans kovid-19 la: komisyon jistis ak lapè nan Nòdwès rele anmwey.

474

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen Jedi 18 Jen 2020 an, Komisyon Episkopal Jistis ak Lapè Dyosèz Pòdepè a denonse Zak vyolans, abi dwa moun, ak zak kriminèl yo ki pa sispann repete atravè 10 komenn depatman Nòdwès la. Selon komisyon an, zak vyolans sa yo soti nan diferan sektè nan vi sosyàl la tankou: lajistis, lapolis, lasante, edikasyon, òganizasyon sosyete sivil la pou n site sa yo sèlman.

Nan Sen Lwi Dinò, yon gwoup bandi ki gen nan tèt li Erick Prospère, pa janm sispann fè dlo koule nan je popilasyon an. Bandi sa yo déjà touye 7 moun epi boule 6 kay anba 2 je nawè otorite Sen Lwi Dinò yo.

Menm sènn vyolans sa yo repwodui egablman nan Vil Pòdpè, zòn Wonpwen. Ekzanp, samdi ki te 16 me 2020, nan echanj kout zam lapolis desann yon sitwayen ki te soti pou kouche plizyè moun. Nan Bwasil, 2èm seksyon kominal Chansòl, nan Janrabèl ak nan Mòl Sen Nikola (Mawouj), polisye UDMO pa janm sispann fè san koule douvan grenn je otorite lajistis yo nan Nòdwès ki toujou rete bra kwaze, dapwè administratè Komisyon Episkopal Jistis ak Lapè Dyosèz Pòdpè a, Dubréus Azarias.

Dubréus Azarias pat met dlo nan bouch li pou l denonse dwa pou moun jwenn lasante pandan pandemi KOVID-19 la ki pa respekte. Nan sans sa, komisyon an mande pou otorite yo nan peyi isit pran tout responsabilite yo pou pèmèt popilasyon an jwenn non sèlman moso laswenyay men tou manje pou moun manje, edikasyon ak moso jistis.

Komisyon an fini pou l di, volim kòb Pwezidan Jovenel Moïse ap gaspiye atravè peyi a pou l pa kite Palè Nasyonal 7 Fev 2021 an, poukisa li pa pran lajan sa yo pou remanbre pito lajistis, edikasyon, agwikiti ak sistèm sante a ki fenn andegraba?

Saint Jean wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.