RDC aksidan bato: 200 moun disparèt e 23 mouri

KONGO__(Triboland) Plis pase 200 kretyen vivan disparèt apwè ke yon gwo batiman koule nan Lak Mai-Ndombe yèswa nan Wès Repiblik Demokratik Kongo (RDK), selon yon sous otoritè.
Jouska pwezan otorite yo poko kapab bay ki kantite moun ki mouri. Sepandan, kèk sous local ta fè eta de yon 80 moun ki ta arive chape e 23 lòt mouri nan aksidan sa. Majorite pasajè yo se te pwofesè ki ta pwal touche salè yo, men ki te chwazi voyaje pa bato akoz vye wout ki pa pwatikab, dapwè Simon Mboo Wemba, Majistra rejyon Inongo-a.
Konsa tou, yon sous bò kote baz naval peyi Kongo ki plase tou pwe plas aksidan-an, ta deklare ke koz trajedi-a ta gen pou wè ak bato-a ki te twò chaje ak mank strikti pou sovtaj.
credit photo: diocese inongo






