Mwens pase yon dozen imigran ayisyen mouri nan yon ti kannot ki koule nan yon zonn reken nan zile Turks and Caicos

0 372

Turks and Caicos__(Triboland) Mwens pase yon dozen imigran ayisyen jwenn lamò yo nan yon chaloup motè ki tap antre an kontrebann nan Turks and Caicos. Ti batiman an ki te chaje kon letba, te kapote nan yon zonn dlo sale ki chaje ak rekin, si nou ta vle kwè otorite zile-a.

Pòt pawòl Depatman Polis Ròyàl Zile Turs and Caicos, Takara Bain fè eta de 13 moun ke yo ta sekoure e operasyon sovtaj yo kontinye ap fè chemen yo. Bain konfime ke kò polis maritime nan te jwenn sinyàl alèt Dimanch maten vè 8:00 a.m. ke te genyen yon boat ki tap twanspòte ayisyen illegal chavire nan zònn Wès dlo sale zile Kaicos, yon zile ki rele peyi Angletè chè mèt chè mètrès.

Jouska pwezan, li pokò klè konbyen moun batiman an te pote reyèlman, apwè Komisè Polis Trevor Botting. Se reyèlman yon lòt dram ankò pou yon pèp ki pa sispann soufwi e pwan imilyasyon nan chèche mwayen pou suviv.

Mesye Botting di: “Kò marinn nan e melanje ak ofisye sèvis imigrasyon ansanm ak yon latriye plonjè ap bay asistans nan operasyon sovtaj yo nan kad rechèch plis suvivan oubyen viktim. Nou reyèlman santi nou touche fas ak dram sa; nou pwezante kondòleyans ak senpati nou bay tout moun oubyen famiy ki afèkte nan sitiyasyon malouk ou regretab sa”.

Antouka, envèstigasyon kontinye ap fè chemen yo yon fason pou jwenn nan ki sikonstans batiman an te chavire.

Leave A Reply