Jean-Rabel sou alèt oranj : Lekòl yo fèmen akoz Ouragan Melissa

256
0
Share:
TRiboLAND

10/28/2025

Jean-Rabel, Ayiti _____(TRiboLAND) Lekòl yo pa fonksyone nan komin Jean-Rabel jodi a, akoz menas Ouragan Melissa ki ap pwoche sou kòt nò Ayiti. Daprè enfòmasyon yo, Depatman Nòdwès pami zòn ki sou alèt oranj, dapre dènye bilten meteyowolojik yo.

Nan plizyè lokalite nan Ba-Nòdwès la, lapli kòmanse tonbe, van ap soufle, e otorite yo mande popilasyon an rete vijilan. Direktè lekòl yo, pou evite pran risk ak lavi elèv yo, te pran desizyon pou fè elèv yo retounen lakay yo depi bonè nan maten.

Plizyè paran ak pwofesè di yo sipòte mezi sa a, paske yo pa vle reviv sitiyasyon danjere ki te konn fèt pandan pasaj lòt tanpèt nan rejyon an.

Daprè sèvis meteyo a, move tan an kapab kontinye pandan plizyè èdtan, ak gwo lapli ak van fò sou tout rejyon an. Popilasyon an envite pou kontinye swiv nòt ak avètisman ofisyèl yo.

Share:

Leave a reply