Lapolis Nasyonal Mete Atè Yon Gwo Chèf Gang

0 292

PÒTOPWENS__(Triboland) Ti Je (Sony Jean), youn nan gwo chèf gann ki tap fè lapli e bo tan e mete dlo nan je yon pakèt lòt malere ki deja ap naje nan mizè, arive tonbe anba bal Lapolis yèswa nan gwo konfontasyon ak Lapolis nan zònn Delmas 83 nan kapital-la.

Apwè gwo krim odye gwoup gann Ti Je-a te fè nan Kafou Fèy ki revòlte konsyans tout moun anndan peyi-a, Leta peyi-a finalman mobilize pou bay yon repons koukourouj kont atoufè sa yo ki te achte lajan kontan zònn Savann Pistach, ansyen kazye chèf gang Labanyè.

Selon sous Triboland yo, Lapolis te afiche detèminasyon-l depi kèk jou yon fason pou kontre kare mouvman gang yo nan zònn Kafou Fèy. Enfomasyon sekrèt yo te ede Lapolis pou swiv chèf gang la pandan li tap refijye-l lakay frè-l nan Delmas. Anpil inite nan fòs Lapolis la te fasilite sènaj-la; ki donk, DCPG ak BRI te bay detèminasyon yo nan operasyon an. Kadav chèf gang Savann Pistach la tap benyen nan san, yon jinn nwa sou li e yon mayo ki gen yon drapo ameken devan-l; anplis zam li sou kote-l; yon zam yo ta idantifye ki pou yon polisye ki rele Grèg.

Dwat lonje tou sou Depite Lochard ke yo ta akize kòm moun ki nan danse kole e finanse mouvman gwoup gang nan Kafou Fèy, yon fason pou garanti re-leksyon li. Alòske depite eli-a voye jete tout akizasyon sa yo ke li kalifye sanfondman.

Popilasyon Kafou Fèy la ap fete sou lanmò chèf gang Ti Je e mande Lapolis pou kontinye pouswiv dechouke 24 sou 24 fenomènn gang lan nan tout peyi-a. Yo ta renmen konnen ki lòt chèf gang yap pwan apwè.

Leave A Reply