Manif masiv e istorik: opozisyon an delivwe yon mesaj klè kon klèroz bay LONU

178
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon jounen manif san parèy, masiv, supè-istorik ke moun poko janm wè paralyze pwèske tout peyi pou reklame demisyon pwese pwese pwezidan Jovenel Moise nan tèt peyi lap somalize-a.

Se evidan ke pèp vayan peyi Dayiti kenbe gouvènman Jovenel Moise la nan gòj pwèske chak jou Bondye mete, e yo arive demontre detèminasyon sa san rete. Sepandan, jodi 4 Octòb 2019 la, sa pwan yon lòt touni ki montre reyèlman, lè lapatri andanje li enpòtan pou genyen yon fwon komen ki pou raple lemonn antye ke yo te fè listwa e yo kapab toujou fè listwa.

Pa genyen bouch pou pale oubyen pou esplike masiv moun ki te deyò jodi-a, pou voye yon mesaj klè kon klè ròz bay gouvènman ak tout enstans entènasyonal ki ta soti pou pase anba pye soufwans 200 lane pèp sa o pwofi de yon sistèm neokolonyalis ki detèmine pou ekstèmine yon pèp ki pa fè lòt krim sinon ke kapote sistèm esklavaj. Se egalman yon sinyal klè yo voye bay tout patizan ak gouvènman Jovenel Moise la, ki endeske nan kòripsyon ak anpil lòt deriv ki lye avèk aktivite gang, mèsenè, asasinaj, abi pouvwa, ak enkonpetans.

Fwanchman se te ràd mare! Malgre tantativ lapolis pou kraze souf manif la ak gaz lakrimojènn pou granmesi; sepandan fòs lòd yo pat gen ase jèvwenn pou dispèse yon parèy foul moun kite tèlman enkontounab. Absans derapaj te byen limite; majorite lidè opozisyon yo te orandevou. Konsa, nan lòd avèk disiplenn yo te remèt nan Baz Nasyon Zini nan Clercine, komenn Tabarre yon lèt ki adrese bay Sekretè Jeneral Nasyon Tèt Kole yo, Antonio Guterres. Tout kouch sosyàl nan vi nasyonal la se sa ki pat manke; yo te mete tèt yo deyò pou pote sipò bay revèy nasyonal sa ki detèmine pou divòse ak yon sistèm rasi kap detwi Ayiti depi dig dantan.

Antouka, li klè pou tout moun, detèminasyon pèp Ayisyen ap depoze jounen jodi-a pou kapote Jovenel Moise ak tout sistèm lan, pa pou lontan!

Share:

Leave a reply