1e Me, Fèt Agrikilti ak Travay nan Nòdwès

0 464

PÒDPÈ__(Triboland) Nan okasyon Fèt Agrikilti ak Travay la nan Nòdwès, gen yon ansanm óganizasyon tankou: MPDP (Mouvman Patriyotik Demokratik Popilé) , AJ3L (Asosiyasyon Jèn pou Liberasyon Lakou Lakay), MPNKP (Mouvman Peyizan Kongrè Papay), Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen, KoPBB, VISDNO (Vizyon Sitwayen Pou Devlopman Nódwès), te òganize yon sitinn devan Ministè Agrikilti branch Nòdwès pou denonse fason agrikilti-a ap mal mache nan peyi a, patikilyèman nan Nòdwès kote lapli pa tonbe depi 12 mwa e ki lakoz tout sa peyizan yo te posede finn disparèt alòske dlo Trois – Rivières ap gaspiye al tonbe nan lanmè douvan grenn je otorite yo nan peyi isit.

Fleuve des Trois – Rivières, Port-de-Paix

Pierre Joseph, ki se pòt pawòl ansanm òganizasyon sa yo te adrese-l dirèkteman ak prezidan peyi a Msye Jovenel Moïse, Senatè Evalière Beauplan, Senatè Louis Onondieu ak Senatè Kedlaire Augustin ki di yo konn reyalite depatman Nòdwès ki livre pou kont li, alòske ankenn otorite pa deside fè kichòy pou li.

Kanta prezidan Jovenel Moïse, lè-l te di lap itilize tè a, dlo a, solèy la ak moun yo pou mete lajan nan pòch yo, se nan betiz li tap pase pèp la paske gen anpil kote nan peyi a, dat 1e Me sa-a, gouvènman an pa fè lòt travay ke distribwe tikit mizerab bay peyizan yo e ki se yon movèz pratik pwiske sitiyasyon peyizan yo ki bezwen baraj sou Trois-Rivières, semans pou yo plante ak zouti pou travay tè yo pa jamè chanje. Pierre Joseph fè tèt li pase pou avoka sila yo kap bourike nan faktori yo pou yon pousyè chada estime pi ke jamè jodi-a lavi a tèlman chè paske si ou gen yon 1$ US, wap bezwen 90 goud.

Pierre Joseph plede tou anfavè baraj sou TROIS-RIVIÈRES ki se yon nesesite pou moun Nódwès, e se djòb palmanté Nòdwès yo pou fè presyon sou chèf Leta a, Msye Jovenel Moïse si yo vle popilasyon Nòdwès la soti tout bon vre nan malsite ak nan mizè. 

Wiskis Saint Jean

credit photo (1): Nektarios Markogiannis

Leave A Reply