Lajistis pòdpè: veritab desepsyon e koripsyon tout longè

0 515

Depi prezans komisè tou nèf la nan tèt pakè pòdpè a, sou pretèks pou te mete baboukèt nan bouch swa dizan moun ki reklame tèt yo nan opozisyon nan nòdwès, se yon veritab desepsyon pou plizyè moun kap viv nan depatman an ki te konnen fonksyonnman sitwayen sila lèl te nan pakè a kòm sibtiti komisè e menm komisè an chèf pou yon bon bout tan. Ki moun ki pa songe tout kalte zafè nonm sa a te konn fè:

a) Pran kob anba pou libéré prizonye kite kondane pou pase rès vi yo nan prizon (la nap pale de dosye Maka ki te fè pati yon gang kite pote non, Lame ti manchèt ki tap opere nan tout vil pòdpè. b) Eske nous bliye nako dola nan Lavo kay “Alain Desir”? 

Mete ak yon paket bagay sal kel te konn fè ke nou pa bezwen site.
Retou “Jean Volney Bellamen” nan tèt pakè pòdpè-a se sèl kòb lap mache pran nan men moun pou yo jwenn tikal jistis, sou pretèks pou dosye yo pa ale nan kabinè denstriksyon. Kòmisè-a ki pa soti pou divòse ak yon seri pwatik anbarasan ak dezonèt ta sanble pran 50 000 goud nan men yon sitwayen byen koni, alòs ke jiska prezan dam nan ap pouri nan gran prizon.

Komisè tou nèf la, an konivans avèk kèk avoka malonèt ki lage plizyè jèn gason 25-26 lane ki fè kadejak sou yon tifi 15 – 16 ane kòm ki dire se Abeyas kòpous yo fè. Prezans chef pakè tou nèf la nan pòdpè pèmèt okenn lòt sibtiti komisè paka fonksyone; swa kraze dosye nan men yo, osinon pran yon lòt desisyon dèyè desisyon lòt sibtiti yo pran, sibtiti ki ta parèt 50 fwa pi konpetan ke chèf pakè a (mèsi politik). Oken sibtiti paka libéré yon moun si chèf pakè a pa apwouve òd liberasyon sila hmmmm se grav!


Yon sous ki kredib ta fè konen gen gwo zen kap prepare pou pete nan pakè pòdpè-a paske komisè an chèf la konfiske tout bagay pou li. Pilwen, enfòmasyon yo ta fè kwè gen kèk sibtiti komisè ki menm menase pou yo kanpe travay osinon menm demisyone paske yo santi yap mal fonksyone, anplis pa genyen bon jan kolaborasyon nan pakè a. Pakè pòdpè! Si-w pa gen gwo magogo lajan ou pa gen gwo fanmiy, ou pa gen zantray-ou kap naje nan bè pouvwa ou pap jamè kab jwenn jistis. Ki donk jistis se rans! Sa sa ki lakòz anpil moun pwan rout Ba Sent- Anne ou byen Benityé pou al chèche jistis nan pye lèsen! 

Sitwayen Jean Volney Bellamen: yon veritab senbòl kòripsyon ak desepsyon pou moun pòdpe kòm komisè gouvènman kote li vini ak yon van koripsyon ki ouvè a 300 mil alè. Kout ke kout fòk gen yon mo ki di, pou debarase komisè atoufè sa a kap fè e defè nan tèt pakè pòdpe a sinon popilasyon an ap bay repons la nan yon tan ki pa two lwen! 

Ferdieu Claude, Triboland

ferdieuclaudefils@hotmail.com
Phone: 509-43100303/48490303

Leave A Reply