Anpil peyi jounnen jodi-a ap adopte gastwonomi vejetab

0 338

(Triboland)__Yon moun ki deside vinn vegan (vejetaryen) vle di tou senpman li vle divòse ak tout manje ki baze sou pwodwi animal. Konsa, yon parèy desizyon gen pou li wè tou ak leve kanpe kont explwatasyon zannimo.

Koulya, lemonn ap vanse seryezman nan develope resèt pou vejetaryen. Anpil restoran nan yon pakèt peyi ofri pla ki baze sou tofu ak legim ki reyèlman apetisan. Yo konplètman vle ilimine kesyon manje viyann nan tout sa yap konsome. Yo prefere chèche manje ki genyen pwoteinn vejetab. Pami peyi sa yo ou jwenn: Almay, Etazini, Tayland, Japon pou nou site sa yo sèlman:

Almay konsidere kòm peyi ki reyèlman ap pwomote mouvman gastwonomi vejetab la. Yo tèlman develop li, li difisil pou yon moun pa jwenn yon restoran (vejetaryen) vegann nan tout katye nan capital-la. Alman yo fè kebabs, ki pwèske menm karakteristik ak vèsyon vegann lan; se yon manje klasik pou pèp Alman an. Li reyèlman gou nan bouch!

Etazini gen renome pami peyi ki kwè anpil nan vyann. Men, sa pa anpeche anmbègè ki fèt avèk vejetab okipe yon gwo plas nan majorite gwo vil yo nan peyi-a. Vil tankou Austin ak New York sèvi bègè ki fèt ak pwa nwa ak anpil lòt sous pwoteyinn plant kap fè firè. Vil New York pou kò li genyen plis pase 70 restoran vejetaryen.

Nan peyi Tayland restoran yo sèvi yon pla espesyàl ki fèt avèk kribich e vyann kochon, men yo pi repute nan sèvi menm pla sa ki fèt avèk nouy, diri ak sòja epi legume flanbe nan wòk. Espè yo estime li trè fasil pou yon moun byen manje lè ou itilize pwodwi ki genyen vitamin ak pwoteyinn vejetab. Kapital moun ki vejetaryen yo nan kontinan Azi-a li rele Chiang Mai, li genyen plis pase yon santènn restoran ki inik pou moun ki vejetaryen onbyen vegann.

Antretan, lakay Japonè yo genyen yon pla ki baze sou pwason kri. Sa antre nan tradisyon yo. Konsa, ou jwenn yo ofri tou yon pla ki reyèlman rich avèk tofu ak soja ansanm ak yon soup espesyàl ki fèt avèk miso. Apa de nouy ke restoran yo itilize; yo egalman inkòpore vejetab maritime tankou alg nan dayèt yo pwèske chak jou. Ki donk, yon moun ka konpwann se pa pou san rezon japonè yo develope yon lonjevite ki trè enpwesiv. Genyen apepwè 65,000 santenè (sa vle di ki gen laj santan kap viv nan peyi Japon.

Lemonn nap bouje e anpil expè fini pa reyalize ke konsomasyon pwodwi ki gen pou wè ak zannimo kapab expoze oubyen detwi kò-a avèk anpil vye maladi. Konsa, restoran gastwonomi vejetab pa sispann miltipliye nan anpil peyi ki konsène sou kalite manje yo ap konsome. Moun afè bon ap bat pou konsome legume, fèy ou plant tout kalite; yo reyèlman konpwann ki sekrè ki genyen ladann. Tandis ke moun afè pa bon yo plis kwè nan konsome pwodwi animal tèt chaje ki pèmèt yo viv mwens oubyen mete kò-a tou senpleman andanje.

Photo Credits: IamExpat; GoodnessMe Box Blog

Leave A Reply