Kòman nou kapab konnen laj planèt Tè-a?

0 310

Sa se yon sujè ki kapab trè kontwovèse, paske moun tankou kreyasyonis yo vle fè kwè ke planèt Tè-a senpleman genyen kèlke milye ane depi li egziste. Men laj Tè-a te arive detekte sou yon seri evidans syantifik solid ki chita sou lojik ak evidans experimental. LaTè ansanm ak sistèm solè pa nou-an te fòme ant 4.53 and 4.58 bilyon ane. Galaksi pa nou-an ki rele Lavwa Lakte-a genyen apwoksimite 13 bilyon lanne depi ke li egziste.

Ki sa yon evidans ye? Laj Lalunn nan ansanm avèk fason yo mezire andurans dekonpozisyon eleman radyoaktiv wòch yo jwenn ki soti nan planèt Tè-a. Radyoaktiv uranyòm-235 e uranyòm-238 ki subi yon chanjman oubyen yon twansmitasyon (dekonpozisyon) ki bay lòt eleman, ki apwè vinn bay yon plon ki stab. Konsa abondans U-238 vinn lache Pb-206. Pb-207 vinn sanse konsidere kòm rezilta final de yon U-235 ki pa twò komen. Tout plon nou jwenn sou la Tè soti nan uranyòm.

          An nou di ke nou genyen yon wòch ki genyen yon gwo pousantaj uranyòm ke plon. Sa vle di ou genyen plis uranyòm, men pa anpil plon. Sa otomatikman vle di ke ou annafè ak yon jènn wòch, paske li pa gen anpil tan li egziste ase pou li ta pwodwi uranyòm ki kapab chanje an plon.

          Koulya, an nou pretann ke nou genyen nan men nou yon wòch ki genyen yon fèb pousantaj uranyòm, men anpil plon. Sa otomatikman vle di ke ou annafè ak yon wòch ki trè ansyen, youn ki gen anpil tan depi li egziste e ki pèmèt tout uranyòm ki sou li-a chanje an plon. Jeneralman, chèche konnen laj Latè pi difisil ke chèche konnen laj Lalunn. Anpil fwa, wòch ki soti nan tè-a toujou resikle e detwi akoz tèktonik plak, yo konn deplase, yo konn cho e yo konn fwèt. Li difisil pou yon moun jwenn wòch sou Latè ki original, ki nan yon eta ki pa jamè subi modifikasyon, men gen wòch ke yo dekouvri nan chak kontinan ki date plis pase 3.5 bilyon ane.

          Lalunn nan se yon lòt afè. Pa genyen twòp modifikasyon ki fèt nan Lalunn nan pandan bilyon ane. Pandan ke wòch ki pi ansyen sou Latè-a date 4.3 bilyon ane, wòch ki pi ansyen astwonòt yo te pote sot nan Lalunn nan te revele yon laj ant 4.4 e 4.5 bilyon ane.

Yon bon estimasyon laj Latè pa kapab fèt sèlman nan chèche laj endividyèl yon wòch; men tou sa gen pou wè avèk konsiderasyon sou laj Latè-a, laj Lalunn nan, ak laj meteyò yo ki fè pati yon menm sistèm, kote ke pousantaj plon uranyòm nan kapab bay yon laj ki egzak. Plizyè milye meteyò ki orijinè pwèske sèt kalite diferan, te teste pou wè konbyen tan yo genyen. E yo te revele yon vale de 4.56 bilyon ane. E lè ou pwan laj wòch ki soti nan Latè-a ak laj wòch ke yo jwenn sou Lalunn nan, sa ba ou yon estimasyon de 4.53 jiska 4.58 bilyon ane kòm laj planèt Tè-a.

TRiboScience

Leave A Reply