CSPJ dezinye Mèt Desravines Képler Dwayen a.i tribinal premyè enstans Pòdpè a

723

12-27-2022

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon korespondans Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ekri Majistra Képler Desravines, yo enfòme li ke yo dezinye-l jiska nouvèl òd kòm Dwayen enterimè Tribinal premyè enstans Pòdpè a.

Mèt Desravines asire fonksyon sa swit ak lanmò sibit ansyen Dwayen an, Me Louis Marie Yves Périclès 22 desanm ki sot pase a. Se te Mèt Jean Joseph Lebrun, Prezidan CSPJ a ki sinye korespondans parèy.

Comments are closed.