Anpil kòmantè pa sispann fèt nan Pòdpè sou chwa nouvo PM lan

0 256

PODPE__(Triboland) Dives reyaksyon ak komantè pa sispann tonbe bò kote plizye citwayen nan depatmen Nodwes la nan sa ki gen awè ak chwa premye Minis la. Dapwè yo, menm premier Minis president Jovnel Moise gen pou chwazi a dwe an mezi pou idantifye e solisyone tout kalite problem mass pèp defavorize a ap konfwonte tankou: lavichè ki pwodui grangou ak lamizè ki rete yon liy pou pete fyèl tout malere.

Sitwayen sa yo kontinye pou di fok premier Minis la se yon moun ki ka reyini tout fos viv Nasyon an pou genyen yon bon dyalogue kap fet san fos kote tout moun reyini sou yon menm tab pou poze problem peyi a; konsa Sena a ak Chanm Depute a mele ak president republik, Mesye Jovnel Moise mete manda yo sou tab la pou defini yon pi bon fason pou dekole ak peyi a nan sa li ye a.

Nap soulinye se toupatou gen gwo diskisyon kap fet sou chwa yon nouvo premier Minis kote gwo dout sou kek non ki site pami yo Jean Gabriel Fortuné ki pa gen ase kapasite pou l jere yon komin pa di se yon peyi. Antouka, nan moman nap pale a sitiyasyon an konplike. Mizè ak grangou ap taye banda e population an pa konnen ki sen pou yo rele.

Jehrbson Petit, Reporteur Triboland

Leave A Reply