Santo Domengo: Danilo Medina anonse ke li pa pwal kouri dèyè yon twazyèm manda pwezidansyèl nan pwochen eleksyon yo

Santo Domengo __(TriboLAND) Pwezidan Repiblik Dominiken-an, Danilo Medina anonse Lindi swa ke li pa pwal kouri dèyè yon twazyèm manda pou chèz pwezidasyèl-la nan peyi panyòl, malgre dezi ak volonte sitwayen yo ak tout gwo lidè pati-a ansanm ak lòt gwoup alye yo.
Anons pwezidan panyòl-la fèt nan yon konjonkti kote ke vag pwotestasyon pa sispann miltipliye devan Palman nasyon-an kont yon evantyèl kandidati Danilo Medina nan pwochen kous pwezidansyèl yo.
Nan yon adrès a nasyon-an ki fèt depi Palè Nasyonal, Medina fè eta de tout yon seri sipò ke li jwenn, ki ta sanble ede-l evalye nesesite pou-l deside pou yon nouvo manda men toujou nan yon konteks respè pou la lwa.
“Sepandan, mwen rete konfidan ke, malgre amou ke mwen genyen pou sèvi peyi-m onivo lapwezidans, kelke swa dezi kè mwen genyen pou-m ta kontinye travay pou benefis Pèp Dominiken-an, genyen pwensip ak règleman ke yon senp moun tankou mwen menm oubyen yon gouvènman pa kapab twansgrese, se responsablite nou pou nou pwoteje lwa sa yo”.






