Nòdwès: ULCC vulgarize lwa sou kòripsyon ak ankèt administrativ

0 383

PÒDPÈ__(Triboland) Jounen Vanderdi 10 Mas la te make avèk prezans yon delegasyon ki gen nan tèt li Dirèktè Jeneral ULCC (Unité de Lutte Contre la Corruption) a, Msye David Basile te efektye yon toune nan Depatman Nòdwès-la, pwensipalman nan Pòdpè nan kad yon kanpay pou vilgarize lwa 12 Mas 2014 la.

Pelerinaj ULCC-a nan vil Pòdpè, te chita sou prezantasyon 2 enstriman jiridik ki pral fasilite travay majistra yo atravè tout depatman an. Plizyè randevou te kase e diferan antite konsène tankou aparèy jidisyè Nòdwès, sosyete sivil, sèktè prive, fonksyonè piblik, e Lapwès te reponn prezan nan kad vilgarizasyon oubyen inplemantasyon enstriman jiridik sa yo ki divize an 2: yon gid pwatik pou piblik la ak yon gid teknik pou majistra yo.

Msye Basile ki tap depose bay Triboland, te kontinye mete aksan sou enstriman sa yo ke li estime ki pwal pèmèt tout antite konsène yo pale menm langaj e devlope bonjan konesans pwatik sou sa ki gen pou wè ak lwa sou kòripsyon e ankèt administrativ.

Ychmuth Corneille, Triboland

credit photo: lunion.ht

Leave A Reply