Pouki sa kè yon moun kanpe bat lè yo estène?

0 482

(TRIBOLAND)__Ah, se yon tabou; li senpleman yon enpwesyon ke kè-a rete! Anpil fwa lestomak-la sibi anpil pwesyon, e chalè pwesyon sa yo kapab nan yon moman chanje fason ke kè ou bat, men li pa kapab fè kè ou pa bat.

Estène toujou kòmanse ak yon ti grate nan pwent yon nè kap fòse sèvo-a debarase-l de yon bagay nan tounen an. Tankou, lè yon moun aspire e li genbe èr-a,  lestomak  vi-n sere, je yo fèmen, lang lan kole ak twati bouch-la, e “Ahtchooooooo”, respirasyon an soti nan tounen ak nan bouch la avèk yon vitès 100 mil alè. E sa kapab degaje yon farinay jiska yon distans senk pye.

Yon batman kè kòmanse ak yon ti boul tisi ki tou piti ki rele boul sinoatrèl, ki plase nan pozisyon ki pi rwo nan espas ki loje kè-a ki rele koulwa dwàt la. Stimilatè natirèl sa voye kouran elektrik bay koulwa dwàt avèk goch yo, konsa, vantrikil yo demare ak batman yo, yon fwa pa segonn. Estène kapab afekte ritm kè-a e kapab menm koze kè-a bat yon fason ki pa regulyè oubyen deranje batman nòmal yo, men, nan oken ka li pa kapab kanpe batman kè-a.

Pou ki sa moun di lòt moun “Ke Bondye beni-w” lè yo estène. Expwesyon sa vle di “sante” ni nan lang Alman ak Espanyòl yo. Koutim sa genyen plizyè orijinn. Anpil moun nan lòt kilti te panse yon lè ke lè yon moun estène, li ofwi nanm li bay lòt monn deyò-a. Konsa, yo panse ke nanm nan ka kite kò-a oubyen movèz espwi ka antre ladan-l. Benediksyon-an se yon fason ki kapab chase move bagay.

Yon lòt teori sou orijinn “Ke Bondye beni-w” la, date depi nan tan plak bubonik (se yon maladi ki kapab enfekte moun; moun pwan li nan yon mikwòb ki rele pèstis Yersini. Yo jwenn mikwòb sa nan ronjè tankou rat ak yon seri tik ki viv ak rat). Plak bubonik la te konn fè moun estène ak gripe anpil. Pap Gregory VII te toujou konseye malad yo di “Ke Bondye beni-w”, petèt sa ka pwoteje moun ki enfekte-a kont lanmò.

TriboScience

Leave A Reply