Majistra Bèdeyèn, Ilercé Joseph Tertius te nan gadavi Pòdpè

0 457

PÒDPÈ__(TRiboLAND)  Youn nan sibtiti komisè gouvènman nan Pakè Pòdpè a, Me Julbert Saintel te mete nan gadavi Majistra prensipal komenn Bèdeyènn nan Joseph Ilercé Tertius  jounen Jedi 4 Jwiyè a. Paketye a pran desizyon sa apwè yon echanj ki ta genyen nan biwo li ant limenm ak Majistra a.  Se swit ak yon plent premye sitwayen Bèdeyènn nan te depoze nan Pakè-a kont yon sitwayen ki ta komèt plizyè enfraksyon nan komenn nan, kote lajistis te gentan arete endividi sa a. Prezante nan kare komisè a pou swivi, ta sanble Majistra Joseph Ilercé Tertius estime sibtiti komisè a ap mal jere dosye a sa ki ta pwal sisite kolè Majistra-a kont paktye a kote Me Saintel te mande Majistra a pou kite biwo-l. 

Ilerce Tertius Joseph, Maire Baie de Henne, Nord’Ouest

Sepadan malgré Majistra te kite biwo sibtiti komisè a, sa pat anpeche paketye a te libere endividi la jistis te arete sou plent Majistra a pou mete Majistra limenm nan plas la. Sitwayen sa ki daprè enfòmasyon yo se ta patizan yon Senatè Nodwès ki ta anmenm bòs tou sibtiti komisè a. 

Majistra Bèdeyènn nan rive jwenn liberasyon-l swit ak entèvansyon yon gwo pèsonalite nan laprezidans ki se moun Nòdwès ki ta pase entriksyon a komisè Jean Volney Bellamin. E selon enfòmasyon jounalis poko ka verifye, Senatè a limenm tou, ta mande tou sibtiti komisè gouvènman pou retounen sou desizyon abitrè li a pou lòt politisyen pa ta rive di l’ap kosyone bagay mal nan depatman an. Pou kounya, Majistra retounen lakay li alòske sibtiti komisè a ta bay randevou pou-l retounen Madi pwochen.

Nap soulinye nan dènye moman sa yo manm Kazèk ak Majistra pa sispann tounen sib lajistis, notamman Pakè Pòdpè kote resamman yon Kazèk te arete epi mete nan gadavi, Majistra Josué Alusma te manke jwenn arestasyon-l anba men komisè gouvènman Pòdpè-a ki te debake anpèsonn kote Majistra-a te rete a. Jodi Jedi sa a, se tou pa Majistra Bèdeyènn nan Ilercé Joseph Tertius.

Marc Edy Ossam

Leave A Reply