Pòdpè: Ansanm avèk sipò Lajistis, Lapolis mennen yo gwo operasyon Dè Letan, pou pi piti 8 moun jwenn arestasyon yo.

0 476

PÒDPÈ__(Triboland) Nan yon operasyon konjwent lapolis ak lajistis nan vil pódpe mennen Madi swa pou rive mekredi maten 8 individi jwenn arestasyon yo ,,, Kat nan individi sa yo tal tante kidnape yon komèsan byen koni nan vil pòdpe ki se: Edris Moras.

Endividi sa yo kite chita anndan yon legliz e ki te gen telefonn nan men yo ki tap kominike ak yon rès rezo ki te deyo ki tap maniganse yon kou dap piyanp. Konsa, se gras ak ladrès ak intelijans manm akèy legliz la ki fé yo te rive sove ak Mesye Edris Moras e al sere-l nan presbitè legliz la.

Antouka, avèk taktik lapolis gen 4 lot individi ki jwenn arestasyon yo nan zònn Dè Letan pami yo genyen Tèt Chyen ak Fenel Charle, se non 2 nan moun sa yo komisé gouvènman an site kòm gwo chèf gang kap fè lapli e le bo tan dapwè deklarasyon Chèf Pakè Pòdpè-a.

Jean Herold Etienne, Reporteur

Leave A Reply