Elèv lekòl piblik yo nan Jeremi, okipe beton jounen madi 21 janvye 2025

01 – 23 – 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Elèv lekòl piblik yo nan jeremi, te okipe beton an pasifikman jounen madi 21 janvye 2025 lan nan kad reklamasyon pwezans pwofesè nan sal klas yo.
Avèk wòch, boutèy nan valiz yo, san prezans lapolis, elèv pwotestatè yo pase lage tout kolèj ki tap fonksyone yo an siy solidarite ak elèv lekòl leta yo. Yon mouvman ki pa depaman ak anpil lòt zòn atravè peyi, kote ke elèv mobilize depi 2 semèn nan kad revandikasyon pwofesè nan etablisman eskolè piblik yo.
Mouvman élèv lise yo ak lòt elèv ki nan fondamantal yo, lapolis pat anmezi pou asire pakou yo, akòz pwoblèm efektif, nan yon moman pwofesè lekòl piblik yo te nan lari ap boule kawoutchou pou kontinye egzije bonjan kondisyon travay.






