Inogirasyon Inivèsite CIGA nan kominTigwav.

07 – 21 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRIBOLAND) Mèt Alcide Laguerre nan tèt yon komite, inogire Inivèsite ki pote non “CIGA ” maten dimanch 21 jiyè 2024 la, an prezans divès pèsonalite etatik tankou prive, manm sosyete sivil la, òganizasyon sosyo politik de baz yo, òganizasyon fanm yo, ak manm nan popilasyon an
Fondatè Inivèsite “CIGA” a, mèt Alcide Laguerre ki te pran lapawòl nan okazyon an, deklare nan diskou sikontans lan, li fè konnen, li konstwi Inivèsite a pou plizyè rezon.
Pami rezon yo, li konstate genyen plis pase 3 lane etidyan yo nan rejyon gwavyèn nan ap soufri anpil. Kidonk, yo pa kapab frekante Inivèsite nan kapital ayisyèn nan, akoz ensekirite jeneralize ki tanmen atravè peyi a, espesyalman wout ki mennen Gransid peyi Dayiti.
Fondatè Inivèsite “CIGA” a, kontinye pou li di, li te vle montre li posib pou konstwi yon Inivèsitè Standard entènasyonal pou satisfè elèv, etidyan ak paran yo nan rejyon an. Konsa, sa ap evite aprenan yo al pran bal anba men bandi sangwen ou kriminèl.

Yon lòt bò, Avoka Alcide presize li te vle dote rejyon gwavyèn nan yon gwoup ensfrastwikti eskolè standard, avèk pwofesè kalifye, konpetant, kote elèv ak etidyan kap frekante lekòl sila a, rantre sou baz konkou.
Pandan’l deklare ekip la pral travay nan tèt kole ak paran yo nan lide pou fè Inivèsite “CIGA” tounen youn nan meyè Inivèsite nan rejyon gwavyèn nan.






