Komisyon Jistis ak Lapè Dyosèz Podepè declare: “Nòdwès pa merite sa”

0 539

03-03-2019

PODPE__(Triboland) Komisyon jistis ak Lapè dyosèz podepè (JILAP), nan konferans pou Laprès pandan wikenn nan nan vil Podepè, tap fè bwas pou idantifye divès latriye pwoblèm peyi a notamman moun Nódwes ap fè fas jounen jodi a.

Grangou lavichè , enkapasite otorite bra kwaze fas a zak briganday kap vale tèren nan depatman an, e anplis ak jij melanje ak dwayen  ki pa poko janm nonmen  nan tribinal Iere Enstans Podepè e ki lakoz tribinal la ap bay sèvis klopi klopan .

Komisyon jistis ak Lapè dyosèz Podepè a estime  gouvènman Moise – Céant montre aklè ke yo pa gen oken visyion pou Nodwès, sujere aske yo fè yon ti minimum pou soulaje tribilasyon moun nan depatman sa kap fini sou pye e yon pa konnen say o fè yap peye. Komisyon jistis gen gwo difikilte pou li arive konprann tout bon vre pou ki sa se Nòdwès ki merite sa; e ki sa li fè lap peye!

Fas a volim misè sa yo, Rev. pè Jonas Gué, Direktè (JILAP) Dyosèz Podepè a fè rekómandasyon a otorite elu yo pou yo bay dèyè yo de tap pou premyèman: bay yon repons pozitiv a pwoblèm chomeko kap antere depatman an; dezièmman reponn prese prese sou pwoblèm grangou klorox la kap ogmante malnitrisyon nan depatman an; twazièmman menm pou lamou de Dye, fè yon mwayen pou nome jij ak dwayen yon fason pou libere moun kap bwè prizon san jijman nan depatman Nòdwès la.

Leave A Reply