Finalman aprè plis ke 2 zan, yon Dwayen tou nèf nan Pòdpè

194
0
Share:

03-03-2019

PODPE–(Triboland) Finalman, swit a anpil kontwovès sou fason responsab jistis yo ap deliver jistis pa konn gout ou byen nan rakèt nan depatman an, govènman Moise – Ceant sanble ta tande kri dezolasyon jistifyab yo pli pwesizeman populasyon Pòdpè a.

Apwè 2 zan konsekitiv, 2 zan pasyans, e 2 zan asire pa sèten, Mèt Yve Mary Periclès (Mèt Tipa) ap prete sèman demen Lindi 4 Mas la kòm Dwayen tribinal sivil Pòdpè nan 10:00 pil nan maten. Seremoni prestasyon sèman ap fèt egzakteman nan ansint Palè Jistis Pòdpè a san grate tèt.

Mèt Periclès ki se yon pitit natif natal vil Pòdpè, soti nan yon famiy trè respekte; li te toujou jwenn benediksyon ak je dou popilasyon Pòdpè a. Nou “Espere yon nominasyon konsa, ap kapab pote espwa chanjman jistifyab yo te toujou reve wè nan sans sa”; se deklarasyon Marie Nelson, yon jistifyab Pwent Zwazo, LaTòti kite fè move experyans ak jistis Pòdpè a.

Mèt Tipa, pwal ranplase Mèt Jean Mara Edouard ki tap jwe wòl AI apwè ke ansyen Dwayen Wilbert Josué te pwomote e transfere nan Kou Dapel nan Gonaiv. Pou nou pa bliye! Sa gen kèlke jou depwi ke madanm dèfen Majistra Toni Vernio te pwan rout laprès pou denonse yon seri de vye malvèsasyon ke Mèt Jean Mara tap maniganse sou dosye Majistra Toni Vernio a, ki ta sanble enplike premye Majistra a, Josué Alusma kòm otè krim bakolodè ki te voye Mr. Vernio anba tè. Pou nou pa bliye ankò, Majistra Josue ki gen yon manda darè dèyè-l, toujou nan mawon e ta sanble lap danse kole avèk pouvwa anplas la nan Pòtopwens.

Share:

Leave a reply