Ankò yon lòt Jou Nwa ak Tèrè pou Pèp Ayisyen

266
0
Share:

02-10-2019

POT-AU-PRINCE__(Triboland) Jounen Samdi 9 Fevrye a zak vyolans tap rapouswiv pwèske nan tout kwen nan kapital la. Sènn piyaj, egzasyon oubyen bandi legal kap reklame demisyon chef leta a, Jovenel Moise te kontinye jiska aswè paralyze sikilasyon nan tout kwen nan kapital la.

Plizyè nan fraksyon subvèsiv sa yo te profite fè reset lajan nan men machinn ki tap pwan chans pou sikile. Moun kap panse peyi, estime seyon sitiyasyon revòltan; yon peyi ki tonbe nan non retou, san leta, san lwa, san lidè e dayè ki deja nan menm nivo ak Somali e Libi.

Si genyen anpil moun ki pèdi vi yo anba bal e blese pandan jounen Samdi a, sa pa anpeche te gen yon bon vale lòt ki mouri e blese nan yon pakèt aksidan machinn nan kapital la. Anpil endikasyon ta fè eta de lwil motè ke kriminel yo ta lague sou plizye wout sikilasyon, selon temwanyaj Ibert Setoute, yon rezidan kap viv nan zònn Canape Vert, yon banlye nan capital la, ki paralyze yè swa a koz resèt ki tap fèt sou wout la aprè ke yon machinn Nasyon Zuni te arrive patine sou lwil e kandale, touye plizyè malere inosan.

Triboland.com

Share:

Leave a reply