Larezèv bezwen lanmou, kolaborasyon ak konsiderasyon

11/28/2026
Larezèv, Janrabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon group sitwayen responsab alète popilasyon twazyèm seksyon Jean Rabel, patikilyèman Larezèv pou develope antre yo, plis kolaborasyon, lanmou ak sousi pou youn pou lòt nan lokalite yo. Group sitwayen sa yo, ki mete sousi seksyon an sou do yo, estime genyen pròp dezawa nan mitan divès lokalite; alòske bezwen yo ap miltipliye chak jou ki jou.
Nan sans, pitit rejyon mande plis inite ak sousi kominotè; san pa sa nou pap kapab soti nan sa nou ye la. Sitwayen yo raple, jan sa te ye lè pè Joseph ak 2 lòt medam vanyan (Isabel ak Francina ) yo te ouvri dispansè zòn lan, nan gwo tèt ansanm ak fwatènite. Moun twazyèm pa kapab bliye egalman mis Amasil ak Elani ki te toujou la pou bay sèvis enkondisyonèlman nan dispansè a. Oh, se te amou ak inite ki tap degaje nan mitan kominote a. Ke Bondye ouvri pòt paradi a pou li.
Antouka, lamou ak fratènite sila yo ki te nan rejyon an disparèt! Se plis vendik akjalouzi, e dezinyon kap dechire kominote a. Se ki fè plis mal, se yon sèn ki pase samdi 14 novanm ki sot pase la a. Yon madan vèv nan kominote a ki tonbe e blese grav nan zòn Dlo Dousèt. Nan pote sekou pou jwen laswenyaj, yo te al fwape pòt moun ki pi pre yo. Repons yo jwenn se te, “yo pa gen anyen nan men yo”. Aloske mis anchèf la pat la e dispansè a te fèmen. Sa ki pirèd la, se sou yon kabann yo te oblije mache jous rive nan lopital Janrabèl! Kote ki genyen chèn, pa genyen kou!
Si te gen bon kolaborasyon, bon antant, ak plis konsiderasyon nan mitan moun k ap travay ak moun k ap viv nan kominote La Rezèv la, sa pa t ap janm rive konsa. Yon vèv, yon moun vilnerab pa ta dwe janm pase tout tray ak kalamite sa yo pou l jwenn yon ti moso premye swen. Lè solidarite manke, se moun ki pi vilnerab yo ki soufri!
Larezèv bezwen tout pitit li yo fè yon fwon komen! Ann sispann afiche vendik ak dezinyon kap fè nou soufwi plis ke nan sa nou ye la. Mete tèt nou nan bay lòt moun nan kominote nou sèvis, se pli ke yon sasèdòs ak yon pwivilèj pou bati yon rejyon ki djanm nan mitan kè kontan ak lanmou tout kalite.






