PM Ariel Henry : sinyati yon akò politik pou fasilite yon apèzman nan gouvènans peyi a

1,942

09/11/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Nan yon tweet ke li lage toulimen, PM Ariel Henry anonse sinyati yon akò politik pou jodi samdi 11 septanm 2021 an. Doktè Henry ki konfime ke li te nan rankont ak plizyè gwo chabwàk mandatè diferan pati politik vandredi apwèmidi 10 septanm 2021 an nan kad sinyati yon antant pou fasilite apèzman ak efikasite yon gouvènman djanm nan mitan peryòd enterimè a.

Antouka, malgre anpil gwo dosye ki plane sou tèt Pwemye minis Henry; li pa sispan lage boulin nan deplase pyon. Dosye tankou: envitasyon pou li pwezante nan pakè nan kàd apèl telefonik ke li te genyen nan menm jou krim nan ak Félix Badio Joseph, ki se pwezume kriminèl nan asasinay ansyen pwezidan Jovenel Moise la.

Port-au-Prince, le 10 septembre 2021. Le Premier ministre Ariel Henry a annoncé le vendredi 10 septembre 2021 la signature de son accord politique samedi, en dépit de son invitation au Parquer autour du dossier de l’assassinat du Président Jovenel Moise.

Antouka, dapwè PM Ariel Henry, plizyè fòmasyon politik ak òganizasyon nan sosyete sivil la pwàl pase paraf anba yon dokiman ki pou li menm pwàl mete yon bemol nan deplwàtonaj kriz plizyè tèt peyi Dayiti a.

Comments are closed.