Distribisyon kit ijyenik bay fanm ak tifi nan prizon Tigwav la.

73
0
Share:
TRiboLAND

11 – 21 – 2026

Tigwav, Ayiti ______ (TRiboLAND) Ekip politik platfòm Solèy la pami yo, pwofesè Yvener Derosiers, agwonòm Fidèl Jean Claude, nan tèt kole ak òganizasyon rasanbleman sitwayen responsab (R.S.R.) nan Tigwav, distribiye jodi samdi 21 novanm 2026 lan, kit ijyenik bay fanm ak tifi ki enkasere nan prizon sivil Tigwav la.

Pwofesè Yvener Derosiers ak agwonòm Fidel Jean Claude ki te pran lapawòl nan okazyon an, deklare kit ijyenik sa yo, yo distribiye bay medam yo, ki nan prizon sivil jiridiksyon Tigwav la. Se yon jès solidarite pou monte yo ekip politik Solèy la panse ak yo, yo pa bliye yo, menm lè yo nan prizon, men sepandan yo genyen dwa pou yo viv tankou tout moun.

Yon lòt kote, Sekretè òganizasyon Rasanbleman Sitwayen Responsab la, Vallon Rodson Jean Eder, sou bò pa li , fè konnen se pa pou premye fwa yo akonpaye medam yo nan prizon sivil Tigwav la, se yon jès akonpayman k’ap kontinye.

Ekip la ankouraje otorite jidisyè yo pou fè medam yo pase devan jij natirèl yo; pou yo jije e kondane sa ki merite kondane pou sa sosyete a repwoche yo, e libere sa yo ki merite libere pou yo al jwen fanmiy yo.

Share:

Leave a reply