Responsab yo nan òganizasyon 0DETREG òganize yon seyans fòmasyon pou yon pwojè distribisyon kabrit.

184
0
Share:
TRiboLAND

09 – 17 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Òganizasyon ODETREG òganize yon seyans fòmasyon pou kèk reprezantan estwikti debaz nan lokal yo nan ri Benwa jodi jedi 17 septanm 2026 lan nan Tigwav. Seyans fòmasyon sila arive pran pye nan lide pou fòme reprezantan òganizasyon yo k’ap genyen pou resevwa kabrit, selon sa yon responsab ta konfye TRiboLAND.com.

Agwonòm Erby Duré ki te pran lapawòl nan okazyon an, fè konnen ke pwojè a jwen sipò konpayi fondasyon Dijisèl. Li konseye benefisyè yo, pou yo pran swen kabrit yo, sitou lè yo malad. Kidonk, yo dwe fè apèl ak teknisyen veterinè yo, yon fason pou bay swen ka yo nesesite. Men kèk maladi kabrit yo kapab fè : tibèkiloz, fyèv ak dyare pou’n site sa yo sèlman…daprè Agwonòm Erby Duré ki tap depoze.

Nan san sa a, dirijan òganizasyon ODTREG yo, fè benefisyè yo konnen, yo genyen obligasyon pou bay yon kabrit nan premyè pòte a; konsa, manman kabwit la ap rete pou benefisyè a.

Share:

Leave a reply