Yon gwo tonton operasyon jarèt tranble ap manniganse nan Gran Ravin ak Tibwa nan baz gang Tilapli ak Krisla

166
0
Share:
TRiboLAND

11/22/2026

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Fòs lòd ap miltipliye operasyon estratejik yo jodi dimanch 22 novanm 2026 la, nan plizyè basyon gang, patikilyèman Gran Ravin ak Tibwa, 2 zòn kote 2 gwo tonton gang kriminèl ap dirije.

Plizyè sous kredib polisye ta vle fè kwè ke se pye sòl fòs lòd yo ap itilize pou demantle pozisyon estratejik gang sangwen yo e netralize kapasite pou yo pa genyen kontwòl ou pèsekite yon seri zòn ki antrave sekirite ak lib sikilasyon popilasyon an. Fòs operasyonèl yo ap miltipliye bwas ak pye sòl nan objektif pou repran kontwòl definitivman yon seri tèritwa pèdi.

Zòn tankou Gran Ravin ak Tibwa, se yon seri katye ki sansib, e yo reprezante yon veritab defi pou restorasyon sekirite pou trafik moute ak desann sou wout Gran Sid la, daprè sa sous polisyè yo fè konnen. Operasyon sila yo vize egalman, yon seri batiman kote bandi sangwen pran refij e kamoufle nan mitan popilasyon.

Nap raple, sa fè plizyè jou fòs lòd yo nan tèt kole, lanse yon seri operasyon pye sòl kont basyon gang yo nan antre kapital la, patikilyèman Matisan, zòn sansib ou tèritwà pèdi.

Share:

Leave a reply