Lopital Imakile Konsepsyon Pòdpe paralize : Anplwaye yo denonse move tretman epi mande revokasyon direktè sanitè Nòdwès la

11/20/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Anplwaye Lopital Imakile Konsepsyon yo bloke tout sèvis nan etablisman an pou pwoteste kont sa yo konsidere kòm move tretman ak mank konsiderasyon bò kote direktè sanitè depatmantal Nòdwès la, Heribert Meletus. Daprè deklarasyon kèk nan anplwaye yo fè nan mikwo laprès, gen anpil ladan yo ki pase ant 10 ak 20 lane ap bay sèvis nan lopital la san yo pa janm jwenn nominasyon. Yo denonse yon sitiyasyon kote, daprè yo, moun ki gen koneksyon politik ak responsab yo ta jwenn nominasyon ak kontra, pandan plizyè anplwaye ki gen anpil ane eksperyans ap kontinye travay san yon estati administratif klè.
Enfimyè yo fè konnen direktè sanitè a fè yo siyen yon seri kontra yo konsidere kòm fo kontra epi ki pa reflete ane sèvis yo ak responsablite yo nan lopital la. Yo estime gen yon diferans nan fason administrasyon an ap trete pèsonèl yo, paske pandan kèk anplwaye ki la depi plis pase yon deseni ap fè fas ak difikilte pou jwenn kontra, gen lòt moun ki ta jwenn kontra nan pi bon kondisyon. Anplwaye yo denonse sitiyasyon sa a kòm yon enjistis epi yo mande pou eksperyans ak sèvis yo rann nan lopital la jwenn konsiderasyon.
Fas ak sitiyasyon sa a, enfimyè yo ansanm ak lòt kategori pèsonèl nan lopital la lanse yon apèl bay minis Sante Piblik la, Doktè Sinal Bertrand, pou l entèvni rapidman. Yo mande minis la pou l retire Heribert Meletus nan tèt Direksyon Sanitè Depatmantal Nòdwès la, paske, daprè yo, fason administrasyon an ap fonksyone a ap mete sistèm sante depatman an an difikilte. Pandan sèvis yo bloke, kesyon sou kondisyon travay, nominasyon ak jesyon pèsonèl nan Lopital Imakile Konsepsyon an rete nan sant mobilizasyon an.
Antouka, li enpòtan pou popilasyon pòdepezyèn ouvwi je li ak fwape pye li pou pa kite se yon seri vakabon ansyen senatè ou depite kòl nan kou nan Nòdwès ki pa sispann ap chèche koulwa politik nan Pòtopwens pou koutinye enpoze ou vann yon seri tèt mato enkonpetan nan yon seri pòs nan depatman an odetriman pwofesyonèl ak kad konpetan kap travay depi dig dantan san touche.
Pòdpè ap kontinye tonbe nan galimatcha ak kòripsyon ki chita nan vann enkonpetan pòs pou fè lajan; si tout fwa popilasyon an pa pwoteste kont enjerans yon seri dechè politik “echwe” ki pran yon malen plezi ap fè demach pou vann ou enpoze depatman an “enkonpetans”, “demachè” ou yon seri azipopo malfòme kap kraze tout sa ki genyen kòm valè ak resous enstitisyonèl anndan depatman an.






