Yon avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, mande responsab konpayi telefonik yo pou pasemen nan fason ya’p distribiye sèvis yo bay a bòne yo.

50
0
Share:
TRiboLAND

07 – 25 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, mèt Berel DURÉ nan yon entèvansyon li fè nan laprès vandredi 24 jiyè 2026 lan. Li mande responsab konpayi telefonik yo nan peyi Dayiti pou pasemen nan fason ya’p distribiye sèvis yo bay abòne.

Mèt Berel DURÉ deklare ke li konstate depi kèktan sitwayèn ak sitwayen yo genyen gwo difikilte pou yo pale ak fanmi yo ki nan lòt peyi akoz sèvis konapayi telefonik yo ki deteryore. Ajoute sou sa, mèt la deklare ke se chak jou ki jou, biznis sa yo lage degidon nan ogmante pri sèvis yo anba boul je Leta.

Mèt DURÉ repwoche dirijan yo li di ki pa jam ekri menm yon nòt pou eskize abòne yo lè genyen pwoblèm rezo nan konpayi telefonik yo. Òm delwa repwoche egalman Leta Ayisyen atravè KONATEL, li di ki pa jam defan’n enterè popilasyon an nan sa ki genyen pou wè ak konpayi yo kap fini ak popilasyon an kote yap fè plizyè milye dola sou do abòne yo pandan ke sèvis yo pa efikas.

Nan sans sa a, avoka militan Berel DURÉ mande komisè gouvènman ai pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Danilo Vales pou foure bouch li nan dosye sila kòm defansè popilasyon an fas ak konpayi telefonik malfini sa yo kap fini ak abòne yo nan Gran Sid peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply