Jean Marie Geachteen Alexandre yon komisè gouvenman nan jiridiksyon Jeremi an ki dekriye pandan jou sa yo.

11- 12 – 2026
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Yonn nan eslogan avilisan ki plis ap fè anpil bwi atravè jiridiksyon Jeremi an, se “aba komisè gouvènman an Jean Marie Geachteen Alexandre volè tè, dilè dwòg”, pou n site sa yo sèlman. Selon temwayaj kèk manm nan popilasyon an fas ak konpay denonsyasyon sa yo ki sible komisè a; anpil nyaj ou dlo sal pa sispann mete an dout kredibilite li parapò a jan sitwayènn e sitwayen yo reyaji ou kòmante.
Divès kesyon pa sispann poze. Kèk moun rete kwè se ta advèsè politik mèt Alexandre ki pwofite peryòd elektoral lan pou sèvi ak li; nan objektif destabilize li moralman e kreye yon atifis ki vize demantle wòl li kòm komisè gouvènman.
Yon lòt gwoup rete kwè ke akizasyon ki pandye sou tèt komisè Alexandre yo, se yon seri verite absolu. Kidonk, tout miray atravè vil Jeremi ki afiche yon seri slogan ki denigre komisè a, ta sanble genyen anpil byenfonde.
Anpil kritik ta estime ke komisè Alexandre ta genyen men li tranpe ragagann nan vòlè tè ki pa pou li. Yo menm ankouraje ministè Lajistis ak Sekirite Piblik pou dilijante yon ankèt sere, sere dèyè pwezime akize a ki genyen non li kap fè aktyalite nan plizyè miray nan vil la, tankou: legliz, lekòl piblik e pwive, lopital ak peristil.
Nap raple, Jean Marie Geachteen Alexandre okipe pòs komisè gouvènman nan jiridiksyon Jeremi an, depi sou administrasyon raketè ou sangwen Ariel Henry a.






