Ansyèn direktris CAS la vide koze tankou rosinyol nan Lakou Dapèl Pòtoprens sou kantite kòb li t ap blanchi chak mwa.

827

02 – 27 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon odyans ki ta pral fèt nan Lakou Dapèl Pòtoprens pou te rejije ansyèn direktris Kès Asistans Sosyal la, Madam Edwine Tonton, ke Lapolis ak lajistis te mare kou krab nan gagote kòb Leta, vide pawòl atè tankou pèpèt mayi nan moman li t ap chèche jistifye kòb yo.

Pou Madam rizyèz la, li te konn resevwa yon salè 81.000 G chak mwa, 600. 000 G, sou kat debi li, 225.000 G, pou achte kabiran, poun site sa yo sèlman.

Poze kesyon pou konnen, kouman kòb ki sou kat debi a, fè vo 6 fwa lavalè kòb l ap touche chak mwa a? Manman je chèch la ki t ap chèche epanye tèt li fè konnen, nan bidjè 2021 rekondwi jis rive nan lane 2023 a, pa mete baboukèt nan bouch kat debi a, sa vle di, gen posibilite pou Madanm lan, te fè yo mete plis kòb pou li toujou. Pandan malere ak malerèz ap mouri nan grangou. Nou mele!

Mande Lakou Dapèl yon “men lève” pou al pran swen lopital, sa vle di, yon libète provizwa, pou doulè janboral ak nan anba ti vant, yon demand Lakou a sanse voye jete byen lwen.

Comments are closed.