Twoup Sovèlele (Nayib Bukele) yo koutinye operasyon kè sote ak tranble janm yo anndan fyèf baz gang 400 Mawozo.

11 – 03 – 2026
Kwadèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo kè sote ak laperèz tranble janm ap miltipliye nan mitan baz 400 Mawozo, ki genyen nan tèt li Lanmò 100 jou ki ta sanble ap konte jou li. Konsa, operasyon sòlda salvadoryen ki lage koukouwouj dèyè asosyasyon kriminèl sila, ap rapouswiv operasyon yo jodi madi 3 Novanm 2026 la nan Kwadèboukè.
Selon enfo ki disponib yo, yo estime genyen plizyè dizèn cha blende ki achte perimèt baz sangwen yo lajan kontan; elikoptè ki genyen nannan pa sispann fè legetè nan syèl ble Laplènn, kote ke konba yo ap fè raj; dwon pawesaj ou aeryen ki trè sofistike ak deteksyon infwa wouj pa kite annafè yo yon pous. Pou anpil moun, li te lè e li te tan pou te genyen yon moun finalman menm jan ak Sovèlele (Nayib Bukele) pou di se twòp atò.
Konsa, pandan yon seri sipòtè gang tout kalite ap kritike aksyon Sovèlele a; minimize ou krache sou soufwans ou agoni popilasyon an nan non Fondatè nasyon an, Papa Desalinn, fòs salvadoryèn yo ap pwogrese e menm arive libere yon seri jèn fanm ke sangwen yo te konn ap dezumanize ou vyole chak jou ki jou pandan plizyè fwa chak jou kòm distraksyon tout sòlda gang.
Nan sans a, tansyon an tèlman wo nan kan ènmi an, chèf gang kriminèl la, Lanmò 100 jou atravè yon ONG ki pote non UNA-HAITI ap klewonnen yon levanjil lapè ak negosyasyon ak Sovèlele (pwezidan Nayib Bukele); yon plan krizokal ke anpil antite konsène ta sanble voye jete tankou yon tòchon sal.






