Yon lòt krim ankò sou yon jèn fi, Juventa Cantave nan Santo, Kwadèboukè

513

11\12\20

Kwadèboukè_____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon ke li fè sou yon radyo nan kapital la, avoka Rebert Chéry ki se avoka fanmiy Cantave, denonse ak tou fòs li krim ki fèt sou Juventa Cantave, yon jèn fi ki te ale kòmanse pou premye fwa yon ti travay nan yon kenkayri nan Santo.

Juventa Cantave ki se pitit ansyen kandida pou Meri Kwadèboukè a, Romain Cantave, te ale yè maten kòmanse yon travay ke paran li te konplètman okouran. Arive byen ta jou mèkredi 11 novanm 2020 an, paran yo te alame e yo te oblije mete tèt yo deyò pou retrouve Juventa. Arive nan travay la yo jwen kadav jèn fi a 2 pye devan e tèt li benyen an san. Sepandan, Ose Jean Jacques ki se propriyetè kenkayri a, pat anmezi pou bay esplikasyon, daprè avoka fanmiy lan, Rebert Chéry ki pat kache emosyon li pandan ke li tap depoze.

Konsta legal yo te asure avèk kout plum Jij Jean-Mary Florestal. Nan moman sa, Mesye Jean Jacques presume koupab la trouve li nan gadavu pou swit legal yo.

Yon lòt krim repinyan, wonte e imilyan pou peyi Dayiti devan je entènasyonal la. Pou anpil moun, “Pènn lanmò se inik remèd pou kriminèl kanpe aktivite krim sa yo kap ekstèmine sitwayen ayisyen yo chak jou Bondye mete.

Comments are closed.