Ougan Gwètò Ever Joseph envite tout ougan ak manbo nan yon gwo sòlòkòtò gede nan vil Tigwav.

69
0
Share:
TRiboLAND

10 – 31 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Ougan Gwetò Ever Joseph envite tout ougan ak manbo nan yon gwo sòlòkòtò gede k’ap òganize nan okazyon premye ak 2 novanm 2026 lan, nan lide pou yo salye memwa zansèt yo nan Tigwav. Ougan Ever mande tout ougan ak manbo pou kolabore avèk li pou reyisit total yon parèy anbyans djouba grouyad.

Gwetò Ever fè konnen y’ap demare defile a 10 zè am soti nan lokal yo, y’ap desan’n sou wout Beyatris la, y’ap moute wout Nasyonal nimewo 2, wout Lahat, ri Benwa, ri Desalin, ri Louvèti, ri Lama, ri Senpòl, ri Dèvin , ri Jefra, epi yo pral bout nan mache Dimanch anba pye Tamaren an, kote Anperè Papa Desalin te fè gwo deklarasyon lè li te soti sekwe depatman Sid peyi a.

N’ap raple, premye ak 2 novanm lane ki sòt pase a, pat genyen defile gede nan vil Tigwav akoz ouwagan Melisa ki te pase depi nan lavèy sou Komin nan, kote te genyen 19 moun ki te mouri anba dlo, san konte sa ki te disparèt ak plizyè santèn kay kraze epi andomaje.

Share:

Leave a reply