Kowalisyon pou sove komin Tigwav ki jwen sipò plizyè lòt òganizasyon, reyalize yon konferans pou salye memwa viktim ouwagan Melisa yo.

181
0
Share:
TRiboLAND

10 – 31 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Kowalisyon pou sove komin Tigwav, ki jwen sipò plizyè òganizasyon nan vil la; pami yo, Fòs Chanjman atravè selil refleksyon, reyalize yon konferans pou laprès jounen 29 oktòb 2026 lan, nan zòn Ladig nan lide pou salye memwa 19 moun ki te mouri nan pasaj ouwagan Melisa. Fòs la mande Leta lokal ak santral pou entèvni nan rivyè a epi akonpaye viktim Melisa yo jan sa dwe ye.

Kòdonatè Kowalisyon an, Bertony Borgella ki presize, 29 oktòb 2025 – 29 oktòb 2026, sa fè yon lane depi ouwagan Melisa te pase sou komin Tigwav; li fè konnen 1 an aprè, gouvènman lokal ak santral pa fè oken’n entèvansyon nan Rivyè Ladig nanTigwav, yon fason pou ta soulaje soufrans popilasyon an nan sezon siklonik yo.

Militan politik la, mesye Borgella pa manke mo pou kritike PM Alix Didier Fils – Aime, li di k’ap ramase lajan taks popilasyon an atravè DGI pou gagote ak ekip li san gade dèyè; aloske pa janm genyen anyen ki retounen jwen popilasyon an sou fòm sèvis debaz.

Majòjon Kowalisyon pou sove Komin Tigwav la, Bertony Borgella mande Leta lokal ak santral pou entèvni nan Rivyè Ladig prese – prese; tankou fè kiraj, mete grabyon, trete tèt mòn yo ki se youn nan pi gwo pwoblèm ki lakoz moun ap viktim nan aval rivyè a.

Li enpòtan pou nou raple’w, ouwagan Melisa te pase nan lannwit madi 28 pou louvri mèkredi 29 oktòb 2025, kote te genyen 19 moun ki pèdi lavi yo pami yo, yon ti bebe 4 mwa sèlman san konte divès lòt ki disparèt epi plizyè santèn kay kraze, andomaje anba inondasyon.

Share:

Leave a reply