Douzyèm edisyon fwa agrikòl ak gastronomi lanse pou demen premye me 2024 la, nan 2èm plèn Kominal Tigwav.

919


04 – 30 -2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) “An nou fè agrikilti pou nou kapab kreye richès”, se sou tèm sa, konsèy devlopman 2èm seksyon kominal Tigwav la (CDSCP) lanse 12èm edisyon fwa agrikòl nan 2èm seksyon lokalite Olivye, selon pòt pawòl konsèy la, Federer Noblette.

Mayi, melon, mango kòn, anana, grenadya, bannan, volay, se kèk pwodwi patisipan yo pral jwen disponib nan moman gwo sòlòkòtò sila.

Pòt vwa CDSCP a, Federer Noblette mande popilasyon 2èm plèn nan, pou di yo, yo genyen aksè pou vin ekspoze tout sa yo fè kòm pwodwi nan seksyon an, selon li menm, se yon aktivite ki kapab pèmèt yo rantre lajan nan pòch yo.

Toutfwa, pawòl konseye devlopman 2èm seksyon Kominal Tigwav (CDSDP), Fedner Noblette envite tout moun nan rejyon gwavyèn nan, moun lavil tankou moun nan mòn, randevou pa lòt kote, se nan 12èm edisyon fwa agrikòl, nan 2èm plèn Tigwav, pou vin pran plezi yo, mache ak lajan nan pòch yo pou konsome lokal.

Comments are closed.