Moun Tigwav dlo nan je : Ricardo Louis, yon jeni vil la, mouri nan lopital jeneral Nòtredam Tigwav.

10 – 27 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Sikològ, jiris, e slammer Ricardo Louis ke tout konnen sou non “Ricky nou konsyan”, mouri nan lopital jeneral Nòtredam Tigwav la, nan lannwit lendi 25 pou louvri 26 oktòb 2026 lan. Ricardo jwen lanmò li, nan moman li t’ap bwè alkòl ak plizyè zanmi epi li di, li santi yon malèz nan vant li, daprè sa yon pwòch fanmiy lan deklare. Yo ajoute pou yo di ke se menm zanmi bwasonyè yo ki kouri avèl lopital la; yo sèlman lage li nan sal dijans lan e yo mete van nan vrèl yo.
Malgre pye sòl ak swen medsen yo te bay Ricardo Louis, malerezman li pa rive chape. Konsa, jij depè te vin fè konsta legal kadav la epi bay lòd pou mete li nan mòg lopital la. Sepandan, lanmò Ricardo soulve anpil kolè nan mitan popilasyon an. Kidonk, fanmiy, zanmi ak lòt moun ki konnen Ricky, egzije pou genyen otopsi ki fèt sou kadav la, yon fason pou rive detèmine si tout bon vre ke se pwazon yo ta bay sikològ la jan anpil moun vle fè konnen sa.
Nan sans sa a, lapolis nan Gran komisarya Tigwav deja arete Jean Alex, ki se youn nan zanmi ki t’ap bwè alkòl ak Richard Louis. Pou kounye a, Jean Alex ap reflechi nan gadavi komisarya Tigwav la, annatandan yo defere li pou al repon’n kesyon lajitis pou akizasyon ki tonbe sou do li; pandan y’ap kontinye chache rès bwasonyè yo.





