Lameri Tigwav prezante bay laprès yon nouvo komite pou reyalizasyon fêt Notre Dame pou ane sila.

357
1
Share:
TRiboLAND


08 – 07 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès maten mèkredi 07 dawout 2024 la nan Louco Club Tigwav, lameri prezante bay laprès yon nouvo komite pou reyalize fèt manman Notre Dame pou ane sila nan Tigwav.

Nouvo komite sa ki konpoze avèk 15 pèsonalite, genyen nan mitan li: 2 ansyen majistra, yon pwofesè lekòl, jounalis, avoka, enjenyè, agwonòm ak pwopriyetè Louco night Club la elatriye.

Nimewo 1 katèl minisipal enterimè meri Tigwav la, Bernard Subrème mande kolaborasyon tout sektè kap evolye nan komin nan pou pote kole yon fason pou rive reyalize yon bèl fèt patwonal manman Notre Dame pou ane sila a.

Nap siyale, komite a ap fè bwas pou jwen 14 milyon goud pou selebre fèt la, alòske yo genyen sèlman 5.000 goud nan kès.

Share:

1 comment

Leave a reply