Kòdonatè Asèk 3èm seksyon Twouchouchou kominal Tigwav la, mande vizit lapolis nan zòn nan.

53
0
Share:
TRiboLAND

06 – 20 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Prezidan katèl Asèk 3èm seksyon Twouchouchou kominal Tigwav la, William Moril nan yon entèvansyon li fè nan laprès jounen vandredi 19 jen 2026 lan, mande vizit otorite lapolis yo nan gran komisarya Tigwav la.

Selon responsab katèl Asèk yo nan seksyon an, genyen yon pwoblèm ensekirite kap devlope timidman nan rejyon an, li fè konnen se pwòp pitit seksyon an kap atake moun nan zòn nan. Pilwen, mesyé Moril pa manke mo pou li denonse kèk jèn gason nan seksyon an li di kap atake li akoz li pa vle yo pran chimem bandi kriminèl yo.

Nan sans sa a, kòdonatè katèl Asèk 3èm seksyon Twouchouchou kominal Tigwav la, William Moril mande pou lapolis yo pi pwòch popilasyon an, yon fason pou ede yo kwape bandi kap boujonnen e kòmanse ap teworeze peyizan yo nan 3èm seksyon Tigwav.

Share:

Leave a reply