BAWO AKEN AN GEN YON NOUVO KONSÈY: AVOKA YO ESPERE YON VAN CHANJMAN

138
0
Share:
TRiboLAND

10/27/2026

Aken, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè anpil difikilte ak reta ki te anpeche òganizasyon eleksyon yo, Bawo Aken an finalman gen yon nouvo Konsèy ki pral pran direksyon enstitisyon an. Pandan yon bon bout tan, divès obstak te anpeche avoka ki enskri nan Bawo a egzèse dwa yo pou yo vote yon nouvo Konsèy, jan dispozisyon legal ki reglemante pwofesyon avoka a prevwa sa. Sepandan, apre plizyè atant, avoka yo rive òganize eleksyon yo pou ranplase ansyen Konsèy la epi mete yon nouvo ekip nan tèt enstitisyon an.

Nouvo Konsèy la gen twa manm prensipal: Dubé Isaac, ki eli kòm Batonye; Davil Jacquet, ki pral okipe pòs Sekretè; ak Badette Frantz, ki pral sèvi kòm Trezorye. Ansanm ak plizyè konseye de lòd, ekip sa a pral gen responsablite pou dirije Bawo Aken an, asire bon fonksyònman enstitisyon an epi veye sou respè prensip legal ak etik ki dwe gide pwofesyon avoka a. Nouvo responsab yo gen devan yo plizyè defi pou yo rive ranfòse fonksyònman Bawo a epi defann enterè avoka ki fè pati enstitisyon an.

Bò kote pa yo, avoka ki enskri nan Bawo Aken an espere nouvo Konsèy sa a pote yon vrè van chanjman nan jesyon enstitisyon an. Yo swete nouvo ekip la mete aksan sou transparans, respè lalwa, dyalòg ant avoka yo ak amelyorasyon kondisyon pou egzèse pwofesyon an. Aprè tout difikilte ki te make pwosesis la, anpil espwa chita sou nouvo direksyon an pou l bay Bawo a yon nouvo souf epi ranfòse wòl li nan defans dwa sitwayen yo ak bon fonksyònman lajistis nan peyi a.

Share:

Leave a reply