Okap : Yon ajan sekirite nan Mèri a pike yon chofè moto twa wou ak kout kouto, chofè yo leve kanpe kont majistra a

56
0
Share:
TRiboLAND

10/20/2026

Okap, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon ensidan vyolans ki enplike yon ajan sekirite nan meri Okap ak yon chofè moto twa wou, yo rele Tacilien Casny, ki abite nan zòn Odikap, rapòte nan zòn Site Lesko. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, chofè a t ap eseye travèse Baryè Boutèy lè ajan sekirite ki te sou plas yo ta entèvni pou anpeche l pase. Sitiyasyon an ta vin agrave, kote ajan yo ta kòmanse bat chofè a anvan youn nan yo rale yon kouto pou pike l. Ensidan sa a soulve anpil enkyetid sou fason kèk ajan sekirite nan Mèri a ap jere entèvansyon yo nan espas piblik la.

Aprè ensidan an, plizyè chofè moto leve vwa yo pou denonse sa yo konsidere kòm yon mank pwofesyonalis ak yon itilizasyon twòp fòs bò kote ajan sekirite yo. Yo lonje dwèt sou majistra Okap la, Michel Saint-Croix, yo akize kòm kwa li ta mete ajan sa yo nan lari pou maltrete yo. Daprè chofè yo, menm lè gen dezakò oswa yon sitiyasyon ki mande entèvansyon, ajan yo ta dwe aji avèk disiplin, kontwòl ak respè pou dwa moun, olye yo sèvi ak vyolans. Yo estime, lè gen ase ajan sou plas, li ta dwe posib pou metrize yon moun san yo pa oblije sèvi ak zam oswa blese l.

Pandan kòlè a ap monte, chofè moto yo mande majistra Michel Saint-Croix pou li pran responsablite l epi mete ajan sekirite Mèri a nan lòd. Yo fè konnen yo pare pou rete mobilize nan lari a jiskaske otorite Minisipal yo pran mezi ki apwopriye pou rezoud pwoblèm nan. Pou chofè sa yo, se nan travay yo chèche mwayen pou yo viv, e yo pa vle wè jèn k ap goumen pou yo jwenn lavi yo sibi move tretman. Yo mande pou limyè fèt sou ensidan an, pou responsab yo rann kont epi pou gen plis pwofesyonalis nan jesyon sekirite nan vil Okap. ‎

Share:

Leave a reply