Jakmèl : Eksplozyon yon bonbòn gaz pwovoke yon gwo dife, kat moun boule grav

10/20/2026
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon eksplozyon bonbòn gaz pwopan lakòz gwo panik nan Ri Petyon, nan vil Jakmèl, aprèmidi lendi 19 oktòb 2026 la. Aprè eksplozyon an, yon kay pran dife, pandan kat moun sibi gwo boule epi yo transpòte an ijans nan lopital pou resevwa swen nesesè yo. Ensidan sa a soulve anpil enkyetid sou danje ki genyen nan itilizasyon gaz pwopan nan kay, sitou lè mezi sekirite ki nesesè yo pa respekte.
Daprè enfòmasyon moun ki te nan antouraj la bay, pami viktim yo, papa fanmi an ta nan yon eta ki grav anpil epi menm trouve l nan oksijèn pou ede l respire. Pandan fanmi viktim yo ap travèse moman difisil sa a, ensidan an raple nesesite pou popilasyon an rete vijilan devan risk ki asosye ak itilizasyon bonbòn gaz nan lavi chak jou.
Itilizasyon recho ak gaz pwopan reprezante yon altènativ enpòtan pou diminye koupe pyebwa pou pwodiksyon chabon, yon pratik ki kontribye nan debwazman peyi d Ayiti. Sepandan, lè gaz sa a mal itilize oswa lè gen flit, li kapab lakòz eksplozyon, dife ak gwo pèt nan lavi moun. Se poutèt sa, fanmi yo dwe pran plis prekosyon, tankou verifye eta bonbòn yo ak koneksyon yo, kenbe yo nan yon espas ki byen ayere, evite flanm dife lè yo sispèk gen flit, epi fèmen rezèv gaz la apre chak itilizasyon. Ensidan Jakmèl la sèvi kòm yon avètisman sou enpòtans prevansyon pou pwoteje lavi moun ak byen yo.






