Pòt pawòl ANAMA nan Tigwav mande CSPJ pou byen trete dosye rapò sètifikasyon majistra yo.

186
0
Share:
TRiboLAND

10 – 20 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Pòt pawòl Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo (ANAMA) ak Jij enstriksyon nan TPI jiridiksyon Tigwav la, Arhen’s Mars, nan yon konferans pou laprès nan kòlèj Yves Lamatine nan, jounen lendi 19 oktòb 2026 lan, mande konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ) pou li byen trete dosyè rapò sètifikasyon majistra yo, pou se pa bagay regleman kont kap fèt.

Pou jij Arhen’s, fòk genyen bonjan prèv pou mete yon majistra deyò nan sistèm jidisyè ayisyen. Pòt pawòl ANAMA a, deklare genyen anpil majistra CSPJ mete deyò, se sou baz kont pèsonèl. Li ankouraje majistra yo pran vwa rekou si yo estime sa yo repwoche yo a, pa genyen anyen pou wè ak verite.

Yon lòt kote, pòtvwa ANAMA a, mèt Arhen’s Mars mande leta Ayisyen pou’l ajiste salè majistra yo, daprè li, lavi a chè anpil nan kò yo, li esplike salè yo te bayo depi lè sak siman t’ap van’n 200 goud e se menm salè tibèkiloz la yo toujou ap touche, pandan sak siman ap van’n pou kounye a, 1.800 goud. Li mande tou pou leta Ayisyen revize salè majistra ki ale an retrèt yo. Li estime tchotcho ke yo bayo a, yo pa kapab viv avèl ak fanmi yo; okontrè, li kapab plis pouse yo genyen tanta pou kòripsyon.

Share:

Leave a reply