Wilgaud Jean-Baptiste e Ivrose Pierre 2 manm komisyon kominal enterimè Jeremi denonse absans patwouy lapolis nan Jeremi.

123
0
Share:
TRiboLAND

10 – 19 – 2026

Jeremi, Ayiti___(TriboLAND) Depi yon bout tan fenomèn ensekirite a ap taye banda lajounen kou lannwit nan sant vil kou nan banlye yo nan Jeremi; pwoblèm sa a pweokipe ajan ekzekitif enterimè Wilgaud Jean Baptiste ak Ivrose Pierre ki egzije direktè enstitisyon polis Grandans lan, Frantz Saint Armand pran responsablite li.

Nan sans sa, 2 otorite yo enterimè yo pa manke mete pwesyon sou alatèt lapolis depatmantal la pou pase enstriksyon bay polisye yo pou fè patwouy nan divès zònn sispèk yo, yon fason pou garanti sekirite lavi sitwayen ak byen yo jan deviz lapolis la mande’l la.

Majistra Jean Baptiste ak majistra Pierre ale pi lwen pou fè konpwann depi’l sizè nan aswè pandan jou sa yo, atoufè ou bandi sangwen ki genyen zam nan men yo tanmen operasyon “rantre kase kay moun”, sitou nan katye rezidansyèl yo. Yo antre e volè lakay moun yo konnen ki genyen mwayen, vyole e pote ale lajan ak objé devalè; yo mennen aksyon malonèt sa yo san okenn laperèz, daprè deklarasyon Jean-Baptiste.

Share:

Leave a reply