Gwo boukantay kout zam ant FRG ak bandi sangwen nan Santo apwè yon atak kont 5 sòlda salvadoryen

210
0
Share:
TRiboLAND

10/19/2026

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon kominike ke Fòs Repwesyon Gang mete deyò dimanch swa 18 oktòb 2026 la, konfime plizyè nèg ak zam manman penba te atake nan Santo plizyè machinn fòs la anba gwo rakle kout zam.

Selon FRG, atak nèg ame yo ta pwa’l pwovoke yon ripòs djanm ak gwo boukantay kout zam nan lokalite a. Konsa, responsab FRG yo te mande pou tout moun nan anviwonman an te rete anndan lakay yo pou evite domaj kolateral nan moman konfwontasyon an.

Antouka, kominike ke FRG mete deyò a, pat fè eta sou egzistans 4 sòlda salvadoryen ki ta pran nan yon zatrap anndan yon supermakèt, alòske machinn ke yo tap itilize a, te arive ensandye anba atak gwoup nèg ame yo ki te vinn genyen apwè gwo echanj kout zam avèk 2 elikoptè ranfò FRG.

Annatandan, temwanyàj kap degaje anndan popilasyon an ta vle fè kwè ke sòlda yo ta disparèt, alòske responsab yo bò kote FRG pa fè oken nòt sòti sou sa ki rive sòlda salvadoryen yo nan moman zatrap la.

Share:

Leave a reply